Compteur visite

432061
Users Today : 162

COMPTEUR

432057
Users Today : 162

Translate:

mars 31, 2023

Le Tout au Pluriel Magazine

Magazine Socio-Culturel

AYITI POLITIK : Pouvwa Ariel la ! Mwen gen 3 pwoblèm ak pouvwa Ariel la ki dwe rezoud si nou pa vle rete nan dinamik absid sa.

2 min read

TÈKS EKRI PA DALY VALÈ.

3 pwoblem ki chita sou prensip repibliken, demokratik ak politik.

  1. Pwoblèm repibliken : pouvwa Ariel la rive nan moman Leta kraze, prezidan asasinen. Se sou dekonb enstitisyon yo pouvwa sa enpoze l. Nou konprann PM Ariel Henry pa t ap gen tan remanbre enstitisyon Leta yo nan yon lane. Men an n admèt li te ka montre omwen volonte a. Se evidan pouvwa anplas la jis montre volonte pou l senpman la jis pou li la, anyen ankò.
    Se ak dyalòg ak bon jan konsansis politik li te ka arive rebay enstitisyon yo jarèt e kreye yon minimòm estabilite nan peyi a. Men pouvwa a plis sanble chita sou match politik ak pwolongasyon manch long pou ti klan yo ak oligak politik k ap pwofite yo.
  2. Pwoblèm demokratik : mwen pa konnen si asasinay prezidan Jovenel se te yon koudeta. Men si pouvwa PM Ariel la ki pa soti nan eleksyon, ni yon konsansis nasyonal kontinye kanpe jan li kanpe a san li pa bay tèt li yon ajanda sosyal, politik ak elektoral klè, ebyen lanmò Jovenel ap parèt klè tankou yon koudeta ki te gen pwojè konfiske pouvwa Leta a.

Pèp ayisyen an pa t kapote diktati sivil, diktati militè nan dènye 40 lane yo, pou l tonbe jodi a anba yon diktati sivil klan politisyen ak gang lari. Kat politik la dwe rebat pou nou remete peyi a sou ray demokratik. Li pa twò ta pou PM Ariel lanse dinamik dyalòg pou nòmalize Repiblik la ak lavi demokratik nan peyi a. Sinon li oblije lage pye l yon jan kou yon lòt.

  1. Pwoblèm politik : politik chita sou konpetisyon, konfwontasyon lide, konkirans pwogram ak pwojè elektoral. Depi yon pouvwa pa favorize vi pokitik aktif ak dinamik sa, sèke politik sispann politik pou l tounen yon bagay ki gen non diktati oubyen yon bagay ki pa gen non ditou, oudimwens yon bagay ki senpman absid.

Pouvwa PM Ariel Henry a, sou baz 3 pwoblèm sa yo mwen defini yo la, dwe sekwe kò l pou l rezoud yo ou byen rale kò l si l pa vle ou pa kabab.

Daly Valet pibliye
26 dawou 2022 repiblkasyon le 27 Dawou pa la redaksyon ltp !!!
harryesmichel344@gmail.com téléphone 50948438136.

LE TOUT AU PLURIEL MAGAZINE NOUS SOMMES VOS YEUX ET VOS OREILLES…

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Translate »