AYITI POLITIK : » Pozisyon Mouvman Pwen Final sou Zafè enjeksyon dola sou mache ayisyen an ».
3 min read
Mouvman Pwen Final ap raple popilasyon ayisyènn lan ke Operasyon enjeksyon dola us sou mache ayisyen an se yon » Opération de Criminalité financière et de blanchiment des avoirs » ke li ye.
Mouvman Pwen Final ap raple tout moun, BRH vini ak bagay enjeksyon dola us sou mache ayisyen an, se depi lè ekip PHTK finn gagote lajan Petrokaribe a. Yo pa jwenn lòt kote pou yo gagote lajan peyi a, kounya yo antre nan rezèv repiblik lan.
Mouvman Pwen Final ap raple pèp la, anvan Jean Baden Dubois te rive nan tèt BRH la ak anvan ekip PHTK te rive sou pouvwa, rezèv dola Bank santral la te $ 2 milya dola us. Se depi lane 2018, depi lè lajan Petrokaribe a fini an nèg yo tonbe ravaje lajan rezèv repiblik lan.
- Pou ekzèsis fiskal 2017 – 2018 la, yo te voye jete sou mache a $ 100 Milyon dola us. San rezilta.
- 2019- 2020, BRH voye jete sou mache $ 150 milyon dola us. San rezilta.
- 28 oktòb 2020 pou rive 4 mas 2021, BRH voye jete sou mache a 86 milyon dola us. San rezilta.
- Jodi si la, ekip Ariel Henry an ak Gouvènè bank santral la, Jean Baden Dubois ak Minis finans lan, Mr Patrick Bois Vert, yo pral voye jete ankò sou mache $ 150 milyon dola us, kote yo gentan voye $ 8,9 milyon dola us pou oligak yo gaspiye.
Mouvman Pwen Final di Operasyon enjeksyon dola us sa a, se menm Operasyon ak operasyon Minis anviwònman PHTK te fè a lè l te lwe yon pakèt avyon pou yon pakèt milyon dola us pou te simaye semans anlè tèt mònn lopital nan Pòtoprens pou l te di se rebwazman lap fè.
Ebyen se menm bagay sa a, Jean Baden Dubois, Minis finans lan, Patrick Bois Vert ak Premye Minis Ariel Henry ap fè la, yap voye dola us jete epi yo di yap valorize monè nasyonal la ki finn tounen zòrèy bourik nan men yo.
Mouvman Pwen Final ap di pèp ayisyen an kesyon voye dola jete sou mache a fini ak ekonomi peyi an nèt. Pa rete anyen nan rezèv repiblik lan ankò. Sou $ 2 milya dola us kite genyen an, se apènn $ 350 milyon dola us ki rete. Sa vle di, Ayiti vini yon peyi ki pa sòlvab nan zye FMI, yon peyi ki pa kab antre nan ankenn pwojè devlopman dirab pou l ta jwenn lajan prete.
$ 350 milyon dola us sa a ki rete nan rezèv repiblik lan, se lajan yon ti milyonè dominiken posede. Peyi dayiti se yon peyi ki fè fayit.
Mouvman Pwen Final ap fini pou l di Pèp Ayisyen an, lòt bagay ki genyen nan kesyon enjeksyon dola us sou mache ayisyen an konsa, se pou yo kab pèmèt oligak yo vòlè pi byen ti lajan dyaspora yo voye bay fanmi yo pou yo pou yo manje ak pou yo peye lekòl timoun yo.
Pa bliye lajan dyaspora voye nan peyi a chak ane evalye ak $ 4,2 milya dola us. Pifò lajan dyaspora voye nan peyi a se lè lekòl pral louvri ak nan sezon fèt.
Se pou tèt sa, Mouvman Pwen Final ap raple popilasyon an ke solisyon peyi a se nan men l li ye e solisyon reyèl la pa lòt bagay se yon soulèvman jeneral pou n chanbade sistèm peze souse kap fini ak peyi a.
Ulysse jean Chenet
Coordonnateur national du Mouvement Point Final.
509 4183 9811/ 4458 0309
LE 25 Août 2022
TOUS DROITS RÉSERVÉS harryesmichel344@gmail.com téléphone 50948438136.
LE TOUT AU PLURIEL MAGAZINE NOUS SOMMES VOS YEUX ET VOS OREILLES…