AYITI: PWOBLÈME PASPÒ
2 min read
LE TOUT AU PLURIEL MAGAZINE
Nou twouve nou nan vil senmak Jou samdi kite 11 mas la nan kad yon seri de repòtaj Jounal Le tout au Pluriel Magazine angajel atravè sal redaksyon nou.
Anvwaye espesyal nou Harry Espoir Michel ap di nou kòman sa ye paskel li tale founije gade pou sal redaksyon Jounal Le tout au pluriel magazine paske nou se zye ak zòrèy ou.
Lifè katrè nan maten nou gentan rive nan vil Senmak kidonk devan papòt biwo imigrasyon nan vil Senmak tout moun a lafil endyèn timoun kou granmoun polisye, avoka, doktè, jounalis, enjenyè epi ougan tout kategori fè yon sèl.
Biwo imigrasyon an ouvè a 6 zè nan maten selon konsta nou fè, direktè imigrasyon Senmak la gentan prezan pou vin bay popilasyon an sèvis, 7tè liy lan kòmanse bouje, anpil pousad anbyans lan trè chofe, ajan sekirite yo mete yo andyapazon, vè 8tè edmi konsa dèlko ki alimante biwo imigrasyon an tonbe anpàn, direktè Washny (direktè imigrasyon nan vil Senmak la, NDLR) ap chèche òganizel pou li ranje dèlko a, malgre sa yon bal pa pati, vè 10zè pral 11zè, direktè Washmy mande tout moun kite sal datant lan paske tout sal fè kòm efò dèlko a pa vle pati, rapid vit li voye achte pyès la nan lakou Pòtoprens pou li kapab bay popilasyon an sèvis. Nou nan Magazin Le Tout au Pluriel, nou tande gen de medya kita vle fè konprann imigrasyon nan lakou senmak se koripsyon k ap fèt nan bwat la, nou nan Jounal Le Tout au Pluriel Magazine nou pa t konstate sa.

Ayisyen gen yon pwoblèm depi yon kote gen prensip y ap fè tout sa yo kapab pou yo bòykote l, kidonk direktè a pa nan koripsyon anpil medya pa respekte tèt yo nan fabrike tout vye nouvèl pou sal yon jèn gason kivle sèvi peyil lilè litan n ap gen kouraj pou bat bravo pou sa yon moun fè ki bon Direktè Washmy kenbe la pa lage…

Depi vil senmak
Harry Espoir Michel
pou
Le Tout au Pluriel Magazine.
Harrysmichel344@gmail.com
telefòn 509 48438136
14 mas 2023
Tout dwa rezève
Nou se zye ak zòrèy ou…