Kilti/SOSYETE/ Lang ak kilti kreyòl : Se kreyòl nou ye
4 min read
Octòb se mwa ki konsakre ak lang ak kilti kreyòl nan lemonn. Chak ane, gen gwo evenman anpil kote sou latè béni ki make sa. Festival, pèfòmans mizikal ak atistik, jounen refleksyon, konferans elatriye… Anpil evenman tanmen. Pandan mwa oktòb, an Ayiti tankou aletranje, nan dyaspora ayisyèn nan, yo òganize anpil manifestasyon sou lang ak kilti kreyòl ayisyen an. Ane sa ankò, gen gwo evenman toupatou ki te fèt sou koze lang ak kilti kreyòl.
Publié le 13 novembre 2022 par le tout au pluriel magazine via lenouvelliste.com
Kreyòl ayisyen an te kale nan tan esklavaj, sou abitasyon, nan koloni Sendomeng ki vinn Ayiti apre viktwa esklav yo sou lame Napoléon an, an 1804. Esklav yo ki pat soti menm kote an Afrik, te rive kreye nan koloni an yon lang ki makònen yo tout ansanm. Lang kreyòl ta pral tounen siman ki simante yo, yon zouti pou yo òganize yo pi plis epitou rive jwenn libète.
Kreyòl se lang tout ayisyen kèlkeswa kote l ye sou latè. Se vre, Kreyòl yo diferan soti nan yon zòn ale nan yon lòt. Moun nan Nò peyi Dayiti pa pale menm jan ak moun nan Sid ak nan Lwès. Anpil lokitè ki pale franse ka pa menm konprann ke anpil materyo franse antre nan lang kreyòl la.
Kreyolofoni : Kreyòl pou devlopman lakay
Depi 1983, chak 28 oktòb lemonn selebrre lang kreyòl. Sosyete Inivèsite nan Florida te òganize 2e edisyon festival Kreyolofoni jou ki te 15 ak 16 oktòb 2022 ki sot pase la, nan lakou Florida. Yon latriye aktivite te òganize pou selebrre lang ak kilti kreyòl. Tèm 2e edisyon an se te : » Kreyòl, zouti pou devlopman lakay « . Se doktè Michel DeGraff ki te envite donè gwo evenman sa a.
Mouvman Kreyolofoni fèt sou fòm karavan. Misyon l se anbrase tout demach k ap pèmèt valorizasyon ak promosyon lang kreyòl, sitou kreyòl ayisyen an ak tout varyasyon rejyonal li genyen. Mouvman sa ap pèmèt ayisyen tout kote nan monn nan rejwenn fyète yo. Relimen santiman patryotik yo nan yon program sansibilizasyon, edikasyon, promosyon, fòmasyon ak kominikasyon an favè tout moun.
Kreyolofoni gen pou misyon tou pou l konbat Kris idantitè ki pa sispann ravaje sosyete ayisyen an. Yon kriz ki lakòz n ap pèdi valè AK sa ki lye n ak ayisyanite n. Mouvman sila vle sèvi motè pou sansiblize tout ayisye, sitou sila yo ki Nan dyaspora a.
Festiteyatkreyòl: Teyat poto mitan nan diversitè a
Jan sa konn fèt nan ane ki te pase yo, ane a, pou yo selebrre lang ak kilti kreyòl, Konpayi Teyat Kreyòl nan Monreyal Kanada te òganize 4e edisyon Festiteyatkreyòl, soti 27 oktòb pou bout 5 novanm ki sot pase a. Konferans, pèfòmans, kozri, pwojeksyon, se tout aktivite sa yo ki te make evenman sa. Powèt Faubert Bolivar se envite dinè gwo evenman sa ki te dewoule Monreyal anba tèm » Teyat poto mitan nan divèsite a » .
Mesaj Akademi kreyòl ayisyen an
An Ayiti, malgré sitiyasyon sosyopolitik malouk ki paralize tout petit a, gen kèk aktivite k ap òganize pou selebrre lang ak kilti kreyòl. Akademi kreyòl ayisyen an pibliye yon mesaj nan okazyon an. Nan nòt sa li fè konnen » Depi premye semèn mwa oktòb la, Akademi Kreyòl Ayisyen te lanse mwa lang ak kilti kreyòl 2022 a sou tèm “Lang kreyòl nan lasyans: wi nou ap vanse!”. Malerezman, sitiyasyon sosyopolitik malouk peyi nou ap travèse depi kòmansman mwa sektanm nan, pa pèmèt nou egzekite kòmsadwa kalandriye aktivite nou te prevwa pou nou non sèlman selebre ansanm lang nou ak kilti nou » ,se regè sa Akademi kreyòl ayisyen an genyen.
Kreyòl pou selebrre lavi
» Men tou pou nou te selebre lavi yon gwo potorik ekriven, kreyolis Emile Celestin Mégie, Togiram (16 oktòb 1922 – 6 jiyè 2018). Mwa oktòb sa a t ap bay Togiram 100 lane si li t ap viv toujou. Tèm “Lang kreyòl nan lasyans: wi nou ap vanse!”, se tankou yon lanbi rasanbleman Akademi Kreyòl Ayisyen kònen pou li mande tout moun ki ap travay nan domèn lasyans pou yo pote kole nan yon konbit ki deja ap fè chemen li nan peyi Ayiti ak nan peyi etranje. Konbit sa a, se jefò anpil etidyan, chèchè nan plizyè domèn konesans syantifik tanmen pou kore devlòpman lang kreyòl la, nan ogmante kantite pwodiksyon syantifik ki disponib nan lang kreyòl la, nan tout domèn. Tèm sila a se yon fason tou pou Akademi an fè sonje zòrèy li an twonpèt, je li louvri byen klere sou jefò ki te fèt e ki ap kontinye fèt pou lang Kreyòl nou an gen yon prezans pi vivan nan monn syantifik la « , se sa Akademisyen yo ajouté
Nap raple tou jodi 28 oktòb la, UNESCO avèk lòt patenè li yo tankou Ofis nasyonal patenarya edikasyon ( ONAPE ), Fakilte lengwistik aplike ki nan Inivèsite Leta a ( FLA ), Akademi kreyòl ayisyen an ( AKA ) ap fè yon wèbbinè sou Zoom pou selebrre lang ak kilti kreyòl. Tèm gwo evenman sa se » L’éducation multilingue fondée sur la langue maternelle « . Samedi k ap 29 oktòb k ap vino a, Papda ap òganize yon jounen refleksyon sou lang kreyòl, nan bibliyotèk Estenio Vensan.
Elien Pierre
Auteur
Le 14 Novembre 2022
La rédaction de le tout au pluriel magazine via une courtoisie du journal le nouveliste.com
LA RÉDACTION DE LTP !!!
Harrysmichel344@gmail.com
téléphone 509 48438136.
LE TOUT AU PLURIEL MAGAZINE NOUS SOMMES VOS YEUX ET VOS OREILLES…