KREYÒL PALE KREYÒL KON PRANN: PITYE POU PÈP LA !!
5 min read
Leta peyim toujou trete pèp la tankou endijan.Pou leta peyim lise inivèsite leta lopital leta yo se pou endijan.
Menm pwofesè nan lise yo konn fèw kwè se paskew pa sou anyen menm ki fèw la,poutan anpil ladan yo se ansyen élève lise kap fè kou.
Lè m fè yon kout pye lòt peyi poum wè jan lise yo ye ak fonksyone , lè m fè yon kout pye la pòtoprens poum wè lise fransè, se yon liks wi
Epi li byen ekipé
Poum gen lisé pinchina ak celi lamou poul eta sa. mwen mande sa leta ba nou pou lise yo se kisa yo ye.Eske se pou moun aprann? Aprè m fin antre lise fransè la pòtopres mwen mande leta ayisyen sispann jwe ak non lise menm jan yap jwe ak non stad.
Mwen poko janm tande leta ayisyen mande lòt peyi yap trete tout kalite dosye ak yo pou yo rekonèt diplòm nou yo .Yo mande tout kalite éd men jamè èd pou inivèsite yo.Pa gen yon jimlaj ki fèt pou edikasyon.E menm leta peyi m pa kwè nan menm pwòp diplòm ke li menm li finn ba ou.
Leta peyi m pa kwè nan edikasyon se sak fè nan dènye ane yo laa edikasyon wan pran yon gwo so li tou kokobe sitou ak mateli ki tap fè pwomosyon pou bandi legal.Ou menm ou te chwazi l pou l vin prezidan w kisa w tap atann de edikasyon.Lèm fè yon kout pye kay vwazen m wè la UASD kòm inivèsite leta e mwen vizite anpil lopital leta ak lekol leta, mwen fini pa rann mw kont tout bon vre mesye dam kap fè politik lakay mwen yo pa kwè nan edikasyon, yo pa kwè nan peyi.
Lèm sonje manman konn dim depiw gen inifòm skout sou ou oubyen inifòm lekòl ou se chèf e mwen te gen chans jwi inifòm lekol mwen ki te banm yon pakèt privilèj.Lèm sonje respè ki te konn genyen lontan lè yon moun te gen inifòm sou li mwen di sa kap pase Jakmel la répugnant, sa kap pase kèk jou nan jakmel ant lapolis ak élèv lekòl la santi di .Sa kap pase nan peyi dayiti ant élèv , etidyan ak lapolis menm ak rektè inivèsite yo fè m kwè edikasyon an kokobe
Mwen kondane sa kap pase nan peyi m nan.
Koze politik nan peyi ya kraze systèm edikatif la.Mwen pa vle pèsonn di gen politisyen ki vle politize sa k fèt jakmel la paske tout moun konnen depi sou gadyen lise ya
rive sou direktè ya se pòs politik li ye.Lèm sonje nan dènye eleksyon yo la jan nou tap manipule élèv lise pinchina pou ketel ak lòt , menm fè yo pran lari jodi a pouw gen kouraj pou wap di pa politize sak kap pase la ! Se vye politik ki kòz sa rive la .
Skout ak elèv lekol se te gwo respè yo te ba yo,
Depi w ak rad skout sou ou oubyen inifòm ou se chèf.
Depi politisyen ak moun ki te gen kòb nan men yo
te antre nan inivèsité pou yo te fè 2004, politize inivèsite ak lekol, nou te aksepte yo fèt San denonse yo.Kisa nou tap atann jounen jodi ya.
Nou pa respekté moun ki fòme ,nou pa vle wè moun kap etidye .Bagay saa bay degoutans . Nou vle fè moun ki tal lekol regret yo te al lekòl.Nou vle dekouraje manman ak papa pitit malgre Kou lavi ya ki fè efò ki voye pitit li lekòl.Nou vle fèm kwè lekòl fini, militans ranplase edikasyon.
Leta peyim plis vle fè yon jenès rabòday, yon jenès a tè plat, yon jenès akoupim chajew,Yon jenès bòdèguèt,yon jenès ti sourit, Yon jenès pou nou mete zam nan men Yo pou yo mache touye boule pou nou pou nou ka rete sou pouvwa .Leta peyim pa vle yon jenès ki fòme, ki lib , okontrè nèg ak fanm ki nan leta vle defòme sa k fòme yo, Sa nou paka defòme pou nou mete zam nan men yo ki pou al fè krim pou nou nou defòme yo ak kout baton epi nou fè yo al kroupi nan prizon kòmsi se yo ki konn ap dechèpiyè kès leta.Eske se etidyan ak elèv yo ki konn detounen fon ki la pou sistèm edikatif la?
Yè mwen te menm panse se te olivye mateli ki te rantre Jakmel lapolis tap bat konsa poul tal montre yo kote li te fè 25 stad la, se koulè elèv la ki fèm konprann se pa Olivye Mateli.
Tank nou ipokrit . Nap bay jovnel sekirite ki se yon enkilpe daprè ULCC ak UCREF daprè rapò kou dèkont men nap bat etidyan ak élèv kap manifeste. Nap bay Martine sekirite an bon dèmagòg men nou pa vle moun revandike nou prefere sekirize Mateli kap fè promosyon pou bandi legal tan pou nou ankouraje etidyan ak elèv kap revandike.
Sak pi di ya se paske 95/100 polisye se ansyen élèv lise, yo konn doulè ya.Anpil gwo minis , gwo senatè se nan lise yo sòti
yo konn soufrans yo,jounen jodi ya sak kòz problèm elèv yo pa rezoud ak pwofesè yo.
Elèv pinchina t pran lari pou Ketel te ka depite,Ketel profésè lise Pinchinat li te konn soufrans elèv yo nan lise ya men ou ka dim kisa Ketel fè kòm entèvansyon pou elèv lise yo!! Bann ipokrit!
Dim kisa ki pase nan tèt ou lèw wè Yon etidyan, yon elev ap revandike pou move kondisyon lap aprann, ou parèt ou vinn bat li, ou ba l gaz, ou arete l ? Sak pase nan tèt ou lèw aji konsa lèm sonje lòt jou la kisa nou menm polisye fè nan peyi ya Paske nou twouve nap travay nan move kondisyon, ak zam nan men nou nou kraze , nou boule,nou sezi ak kraze bagay moun ki pa menm anyen nan leta pou nou ka fè tande vwa nou epi w pa vle élève revandike kont Yon leta pèpè, Yon leta atè plat ,yon leta rabòday ki pa kwè nan jenès, ki pa kwè nan edikasyon men kap pwone bandi legal , Ki mele moun sa yo ak edikasyon.
.Sa bay degoutans pou leta peyim lise ak lekòl nasyonal se pou endijan
Paske yo pap voye pitit pa yo nan lise.
Koze lise sa konsènem , li konsènew.Pitit pitit ou ap benefisye lise ya demen
Ou paka pale de peyi si w pa gen yon bon sistèm edikatif.
Tèks Ekri Pa
Carsendre Salomon,fanm sitwayen pou BYENNÈT KOLEKTIF la .
17 MARS 2023
TOUT DWA REZÈVEvu HARRYSMICHEL344@GMAIL.COM TELEFÒN 509 48438136.
LE TOUT AU PLURIEL MAGAZINE,
NOU SE ZYE AK ZÒRÈY OU…