Compteur visite

432076
Users Today : 177

COMPTEUR

432072
Users Today : 177

Translate:

mars 31, 2023

Le Tout au Pluriel Magazine

Magazine Socio-Culturel

Kreyòl pale Kreyòl Konprann

3 min read

An’n fè konplo,
Poun’n chanje ayiti.
An’n fè konplo Poun’n dérasine tout move gren’n kap kowonp tout pitit peyi a!

An’n fè konplo pou yon lòt sosyete, kap konstwi sou moralite ak laverite !

An’n fè konplo pou laprès tounen yon zouti de devlopman non pa yon zouti de destwiksyon !

An’n fè konplo pou peyi a, dote de yon ministè de la fanmi non pa ak yon ministè madoda kap ankouraje divòs ak krim seksyèl !

An’n fè konplo pou legliz tounen yon envitasyon moral non pa yon envitasyon ki chaje vòlè fo profèt, k’ap ankouraje Pèp la viv nan mizè poutan yo menm afè yo ap byen mache !

An’n fè konplo pou tout moun ki viktim de masak sou rèy phtk kapab jwenn jistis, menm prezidan Jovenel Moise kite pitit phtk ki pat janm di anyen nan masak ki tap fèt nan katye popilè yo, viktim tou de masak phtk , li menm tou dwe jwenn jistis !

An’n fè konplo pou ayiti pa janm pwodwi jan de lidè politik sa yo, sitou pakèt kriminèl kite nan opozisyon kont prezidan Aristide akJovenel Moise yo kap banbile nan pouvwa jodia Pèp la menm ap kanni nan mizè !

An’n fè konplo pou sektè mizikal la pwodwi bon jan atis menm jan ak sa kite genyen nan epòk ane 80 kite kon’n pwodwi bon konpa Poun’n derasine tout atis kap benyen nan koripsyon !

An’n fè konplo pou genyen yon ministè kominikasyon kap mete kontrol sou sa moun ap di nan radyo pafwa gen moun kap pale nan radyo poum pa jounalis prefere mwen di radyo manm jodia anpil nan koz peyi tonbe nan sa li ye jodia depi 2004 jis jodia yo pou bokou !

An’n fè konplo pou sektè vodou a rete yon gro zouti pou defann tout pitit peyi a nan respekte bitasyon ak bon jan remèd fèy kap konbat anpil maladi kite ka voye al mouri sou lopital koz nou pagen mwayen !

An’n fè konplo pou nou gen lanmou youn pou lòt lè tonton blan ap tann lagè poul pran preteks lap vin’n mete lapè poutan se divizyon lap vin’n ankouraje poul jwenn nou gentan kwit nan lanmou youn pou lòt ki chita sou verite ak respè !

An’n fè konplo pou ayiti tounen yon paradi kote tout pitit ki chaje ak mwayen kap viv aletranje va tounen vin’n envesti kote vwayaje nan yon lòt peyi va tounen yon senp fòmalite pou chak gren’n ayisyen !

An’n fè konplo Poun’n sispann ap chofe ekip lòt peyi Poun’n genyen prop chanpyona foutbòl pa nou kote gro misyonè va vin’n envesti nan yon jenès kap gaspiye !

An’n fè konplo pou nou viv tankou moun !
An fè konplo !

Frem ak sèm yo siw renmen ayiti ajoute konplo paw la!

Tèks sa a Ekri Pa Ti pitè fòs jenès la.

14 MARS 2023

TOUT DWA REZÈVE HARRYSMICHEL344@GMAIL.COM TELEFÒN 509 48438136.

LE TOUT AU PLURIEL MAGAZINE NOUS SOMMES VOS YEUX ET VOS OREILLES…

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Translate »