Compteur visite

483460
Users Today : 190

COMPTEUR

483456
Users Today : 190

Translate:

juin 4, 2023

Le Tout au Pluriel Magazine

Magazine Socio-Culturel

Mikaben, ochan pou ou

2 min read

Ou file tankou zetwal
Nan mitan foul la lonbraj ou disparèt

Pou charye dèyè l
Tout bèl rèv ou tap mitonnen
Yon souri ki pat janm sispann donnen
Lespri n fè foto w kou zetrenn mwa desanm
Nan lakou ARENA
W al jwe lago ak mouche lanmò
Yon chimen oblije pèsonn pa ka evite

W ap gade n k ap souri
W ap gade n w ap souri
Nan gran pòt la w pase pou travèse
Pran zèl pouw vole MIKA, pran zèl
Al keyi zetwal
Jan w te toujou swete
Fidèl ak sa w renmen

Ou pote l sou do w jouk nan denyè bout
Anndan trip ou mizik plante tèt anba
Ou marye ak li jouk nan denyè souf
Si lavi tonbe kè l rete
Ba l 30 masaj, prete l 2 kout souf
Pa pati kite l
Menmsi w ta bouke

Fè ti repoze pou w rekòmanse
Pa bliye 30 masaj ak 2 kout souf
E si w ta sispèk lavi rete
Pa kanpe toutan SAMU pa mete pye
Si w ta bouke fè ti repoze pou w rekòmanse
Yon fwa ankò Pa bliye
30 masaj ak 2 kout souf prese prese

Dèyè mòn nan ou al fè lakilbit
Ou pati kite n ak zèv ou kou tatou nan lespri n
Vwa w pap sispann chante mizè n
Gita w ap toujou kleronnen
Mèsi pou sa w te ye
Mèsi pou limyè w
Pou bourad ak fyète  pou w te pote n patou kote w pase

Vwayaj ou tape emosyon tout yon pèp
Kanari w chavire
Dlo tritès nwaye kè n
Bouji w tenyen MIKA
Tanpri wa kite solèy minwi w louvri
Sou fanmi w, zanmi ak tout fanatik ki kanpe pou ba w pase
Ochan pou ou MIKA

Bon travèse, n a kontre ankò

à Léogâne

Psy-M
Auteur

LE 30 OCTOBRE 2022

LA RÉDACTION DE LTP/LE NOUVELLISTE.COM

HARRYSMICHEL344@GMAIL.COM téléphone
509 48438136.

LE TOUT AU PLURIEL MAGAZINE NOUS SOMMES VOS YEUX ET VOS OREILLES…

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Translate »