SOSYETE : 12 JANVIER 2010 – 12 JANVIER 2023. DEVOIR DE MÉMOIRE : NOUS ÉTIONS PLUS D’UN MILLION D’ÂMES AU CHAMPS DE MARS PENDANT 3 JOURS DE PRIÈRE, DE RÉCONFORT ET D’ESPOIR.
1 min read
12 janvye, nou pap janm bliye
Douz janvye de mil dis, jou malè, tribilasyon
Jou la penn ak soufrans, jou rekonsilyasyon
Jou antant nan mitan tout aysyen isi ba
Pat gen ni moun an wo, ni moun an ba
Ni pòv, ni rich, ni wouj, ni nwa, ni blan
Ni katotik, ni pwotestan, ni vodouizan,
Pat gen bèl otèl, bèl kay, bèl plaj, bèl machin
Pat gen pitit Petion, ak pitit Desalin
Pat gen lavalas, makout, ni tèt kale ou Miki
Te genyen moun, te genyen yon sèl pèp ini
Yon sel pèp ki tap rele yon sèl Bondye vivan
Yon Bondye san koulè, san relijyon, san lajan
Se te yon pèp ini, Ki t ap domi leve, nan la ri,
Manje anba dra, tout klas melanje te reyini
Te gen anpil lanmou ki te blayi nan tout kè
La bank pat louvri, lajan pat sovè, li pat gen valè
Sak vivan tap ede frè ak sè anba dekonb
Nou kriye ansanm sila yo ki te antere san tonb.
Tèks sa Ekri Pa
Mireille B. Lhérisson
Via son groupe WhatsApp.
13 Janvier 2023
TOUT DWA REZÈVE
Harrysmichel344@gmail.com téléphone
509 48438136.
LE TOUT AU PLURIEL MAGAZINE
NOU SE ZYE AK ZÒRÈY OU.