SOSYETE + TÈT ANSANM+ KONSYANS=DEVLOPMAN,AVÈK UPAD NAP RIVE (upad ) Union Pour l’avancement de Desdunes
3 min read
WI NOU KAPAB YON TI ANBILANS SE JWÈT YON POU KOMINOTE DEDIN NAN KAP VIV NAN DYASPORA AK TOUT SA KAP VIV DEDIN YO…
tèks Ekri Pa
harry espoir Michel (apipa)
yon ti salitasyon espesyal pou tout Pitit dedin ki epapiye atravè le mond.kòman nou ye eske nou anfòm mwen panse nou tout anfòm.
nan non jounal le tout au pluriel mwen sot salye nou,kèlkesoua kote nou ye nou tout se Pitit dedin nan non UPAD kise yon mouvman òganizasyon anpil Pitit dedin kap viv aletranje mete
sou pye, mw pral pale avek nou
mezanmi kominotè dedin nan gen anpil pwoblèm pou nou resoud asanm ekzanp ekonomik, edikasyon, sante e latriye, men se tout Yon panopli de pwoblèm nou gen yen pou nou ta rezoud ansanm
malerezman nou pap kapab rezoud tout a lafwa.
o mwen nou ka kòmanse avèk
pwojè anbilans lan UPAD lanse depi pase yon lane UPAD ap kleronen nouvèl sa nan zòrèy tout pitit dedin jodi ya tout pitit dedin ki deyò,kap viv dedin tarenmen we dedin chanje men sèl sam konen chanjman nou tout reve ya li pap sot nansyèl sakfè UPAD antanke òganizasyon ki kwe nan devlopman, byenèt popilasyon dedin nan li deside ofwi komin dedin nan yon anbilans flanbanèf paske se youn nan pi gwo nesesite komin nan ap fèfas, pwoblèm yo anpil sevwe men o mwen nou ka kòmanse rezoud sa a ansanm, UPAD konte sou tout pitit dedin kèlkesoua kote ou ye sou latè fòk ou bay patisipasyon paw pwoblèm dedin se pwoblèm tout pitit dedin.se sakfè UPAD pa nan politik, UPAD pa nan divizyon paske se nan tèt sanm nou karetire dedin nan sitiyasyon dedin twouvel jodi ya.
se twis wi yon gwo popilasyon tankou popilasyon dedin nan poul pagen yon bon anbilans de sekou ki pou de sèvi popilasyon dedin nan, gade byen sak sot pase pandan dènye jou kanaval la aksidan an fèt anpil moun mouri, sak te blese grav sete yon veritab kastèt pou moun ki blese yo te jwen machin transpòte yo anijans lopital,
si komin dedin te gen yen pwòp anbilans pal petèt gen nan moun ki mouri yo nou teka sove.
UPAP di wi nou kapab rezoud pwoblèm nan ansanm nou kafel paske dedin se nou,nou se dedin
se sakfè UPAD mande tout Pitit dedin nan 4 kwen mond lan pou fè yon sèl.
pou nou leve defi sa paske dedin merite plis kesa se nou ki pou devlope dedin paske dedin se nou nou se dedin.
si nou vle nou kafèl
Sefòs pou nou mete se tèt nou pou nou mete ansanm pou dedin avanse upad mande nou sipòte dedin sipòte dedin misyon an pwosib…
wi nou ka chanje sa
nan tèt ansanm
Le 29 AVRIL 2022
tèks Ekri Pa harry espoir Michel (apipa)
TOUT DWA REZÈVE
harrymichel344@gmail.com 50948438136
LE TOUT AU PLURIEL MAGAZINE NOU SE ZYE AK ZÒRÈY OU…